Sèvis Piblik

Anpil ajans ak pwogram gouvènman ap ogmante sèvis yo pou lavi moun ki deranje akòz repons pou COVID-19.

Ajans pou Moun Andikape (Agency for Persons with Disabilities, APD)

APD travay nan tèt ansanm avèk kominote lokal yo ak founisè sèvis prive pou ede moun ki gen andikap devlòpmantal ak fanmi yo. APD ofri tou èd pou idantifye bezwen moun ki gen andikap devlòpmantal pou sipò ak sèvis.

Resous Lwa anfavè Ameriken Andikape (Americans with Disabilities Act, ADA)

Sit entènèt ADA COVID-19 la gen yon koleksyon resous ki soti nan sous eta ak federal. Sitwèb la se yon efò kolaborasyon pa dis sant rejyonal ADA ki genyen Rezo Nasyonal ADA.

Resous Asistans pou Biznis yo

FLORIDADISASTER.BIZ

  • The kredi-Relè annijans pou Ti Biznis Florida disponib kounye a pou pwopriyetè ti biznis ki nan tout konte yo nan Florida epi ki te gen domaj ekonomik akòz COVID-19.
  • Asistans Kredi akòz Katastwòf disponib kounye a avèk Administrasyon Ti Biznis (Small Business Administration, SBA). SBA bay prè akòz katastwòf avèk enterè ki ba pou biznis tout dimansyon ak òganizasyon non-komèsyal yo.

Sante Kominotè Florida

  • Sant Sante Kominotè Florida yo Centers bay sèvis swen sante jeneral pou tout pasyan yo kèlkeswa mwayen yo pou peye.
    • Avèk plis pase 600sant nan eta a, Sant Sante Kominotè yo sèvi plis pase 1.6 million pasyan chak ane, pou asire tout moun Florida resevwa swen sante yo bezwen ki ekonomik pou kontribiyab yo.

Depatman Agrikilti ak Sèvis Kliyantèl Florida

Pwogram Florida Farm to You ofri biznis ak konsomatè yo opsyon dirèkteman sipòte kiltivatè lokal yo, elvaj ak kiltivatè yo.

 

Depatman Transpò Florida

  • Pwogram Manje pou Gadri nan Florida
    • Pwogram Manje pou Gadri (Child Care Food Program, CCFP) nan Florida se yon pwogram ki la pou itilize tout fleksibilite ak posiblite pwogram yo ofri nan Depatman Agrikilti Etazini (United States Department of Agriculture, USDA) pou sèvi patisipan pwogram nan.
    • Jwenn  founisè patnè CCFP ki nan zòn ou.
  • Pwogram Kit Tès VIH rapid nan Kay
    • Moun ki ale sou sitwèb KnowYourHIVStatus.com kalifye pou resevwa yon Kit OraQuick pou Tès VIH Rapid nan Kay pou gratis. Nou retire kritè kalifikasyon yo pou ede plis moun jwenn tès VIH Pandan pandemi COVID-19.
    • Nenpòt pwoblèm medikal kache ki lakòz sistèm defans ou vin fèb ap fè li pi difisil pou ou batay kont COVID-19, ki se rezon sa a ki fè tès VIH kontinye gen anpil enpòtans pandan tout tan pandemi COVID-19 ap frape.
    • Nou mande moun ki bezwen yon kit pou yo reponn kesyonè yon sondaj kout pou yo bay enfòmasyon ansanm avèk enfòmasyon demografik yo pou nou kapab voye kit la pou yo nan adrès postal yo Answit n ap voye kit la ba moun ki fè demann lan ansanm avèk lyen pou jwenn enfòmasyon sou swen sante ak pwofilaksi pou moun ki te ekspoze anvan (PrEP).
  • Pwogram Fanm, Tibebe ak Timoun (Women, Infants and Children, WIC)
    • Pwogram WIC Florida ap fè aranjman pou bezwen chak kliyan apa pandan pandemi COVID-19.
    • Chwa pou aranjman tankou konsèy sou nitrisyon delwen alaplas vizit nan biwo fas-a-fas ka chanje selon konte a.
    • Tanpri kontakte biwo WIC lokal ou pou jwenn èd.

 

Sante Mantal

  • Deklanchman COVID-19 bay anpil estrès pou pifò moun. Laperèz ak gwo-gwo enkyetid konsènan yon maladi kapab akablan epi lakòz gwo emosyon sou adilt ak timoun.
  • Si oumenm, oswa yon moun pa ou santi nou akable avèk emosyon tankou tristès, depresyon, oswa gwo-gwo enkyetid, oswa si ou santi ou tankou ou vle fè tèt ou oswa lòt moun mal, rele:
    • Rele 911
    • Rele Liy Dirèk pou Detrès akòz Katastwòf nan nimewo 1-800-985-5990 oswa voye tèks TalkWithUs nan 66746 (TTY 1800- 846- 8517)
  • Aprann plis sou sipò sante mantal ou.

 

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention)